Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Zafè ranmase fatra nan Gresye se yon gwo defi

Nan 39 lokalite komin gresye genyen yo, chak kote yo “jere” fatra yo fason pa yo.

Pa bò isit chak fèt nwèl rive (fen ane) nou toujou konstate gwo mobilizasyon pou pwòpte lari toupatou. Se lè gouvènman yo konn fè pwogram asenisman : mete moun nan tout lari ap bale, ranmase fatra , men se sitou nan kapital Pòtoprens. Gen zòn, tankou nan Gresye, se sitwayen yo ki mete men pou fè pwòpte : sekle, debranche kèk pye bwa,  ranbleye kote ki fè labou, elatriye. Kèk fwa otorite lokal yo konn akonpanye yo nan ekipman tankou: Gan, kach nen,  bourèt, wou, pèl, rato elt. pou fè netwayaj. Sa ki pa fèt fasil.

Nan komin Gresye, se plis popilasyon an ki jere fatra li. Meri a pa gen materyèl pou pase ranmase fatra tankou jan meri Pòtoprens fè l. Youn nan majistra yo, Dieulie Augustin, di meri a pa gen gwo lajan pou achte kamyon konpresè ak lòt materyèl pou fè travay sa a. « Nou gen yon ti meri, li pa menm ka peye anplwaye l. Nou ta renmen bay plis sèvis nan komin nan men pa gen lajan »,se sa li fè konnen.

Majistra yo fè anpil moute desann bò kote pouvwa santral la. Aprè anpil tan yo te rive jwenn yon traktè, yon konpresè, nan pwogram karavàn chanjman an. Yo itilize yo pou fè wout ak ranmase fatra epi lage yo nan sant dechaj yo. Malerezman pi fò materyèl sa yo boule nan gwo dife manifestan te mete nan meri a 17 oktòb pase a. « Nou pa t menm genyen menm kounya yo mete dife nan ti sa ki te la yo. M pa konn si se movèz fwa. Si m te la m pa t ap kite sa fèt », se sa majistra a di. Sa ki vin fè meri a plis pa kapab pwòpte komin nan.

Ranmase fatra pou fè lajan

Nan mache Gresye ki tou kole ak meri a, se la machann ak kèk moun nan zòn nan lage fatra, nan ri sou fò 3, anfas nouvo biwo EDH la. Mirlène Jean, se non yon machann ki chita nan yon ti depo k ap van n founiti pou lekòl. Li fè konnen: « Lè nou gen fatra, vye bwat katon, nenpòt sa l ye a, depi n pa bezwen l, nou sanble yo bò kote nou chita a epi nou peye al jete yo bò meri a pou nou lè yo anpil. »

Pierre, se non nou bay yon sitwayen k ap ranmase fatra anndan mache a ak bourèt pou l al lage bò meri a pou yo ka ranmase l aprè. « Se nan mache a map travay. M fè pwòpte pou machann yo sitou lè lapli fin tonbe. Pou m jete fatra pou yo, chak moun ban m sa yo genyen, mpa fè pri. 50g, 100g baton, se fanmi m yo ye e sou kont yo mwen ye la », pawòl travayè sa ki ak yon chemiz debraye, yon bout patalon krèm , yon bòt nwa, yon sigarèt nan bouch li ak bourèt li nan men l.

Yon pratik kont anviwonman

12 oktòb 2005, gouvènman epòk la pran yon dekrè pou jere anviwonman an. Aprè kèlke mwa, swa janvye 2006, yon lòt dekrè ankò pou “jere anviwonman”. San konte, plizyè lòt akò entènasyonal Ayiti siyen tankou konvansyon sou divèsite biyolijik ak konsèvasyon sou vi maritim. Tout se pou pwoteksyon anviwonman an, men sa pa anpeche pratik endividyèl yo kontinye nan 39 lokalite ki gen nan komin nan piske meri a fèb anpil.

Yon bò, moun ki rete pi pre lanmè yo te gen pratik jete fatra yo nan lanmè. Konsa lanmè ale avèk yo ale lage yo lòt kote. Nan lane 2015 , majistra epòk la te entèdi sa. Malgre sa kèk moun toujou fè sa. « Majistra a te fè nou konnen li pa bon pou anviwonman an. Si moun nan pa twò lwen meri a li vin lage l bò meri a si non li fè sa l vle avè l », se sa plizyè sitwayen fè n konnen.

Yon lòt bò, moun ki rete pi lwen meri a gen lòt pratik pou elimine fatra. Edmond Sonia, se non yon dam ki nan swasantèn, li rete nan lokalite Santo, nan komin Gresye depi l tou piti. Li menm, lè l gen fatra li sanble yo nan lakou lakay li epi li boule yo. « Mw te konn boule fatra m yo, konnya mwen rann mwen kont chalè dife a touye ti pye mango ak kokoye m yo. M pra l jete yo nan raje pito menm jan ak tout moun », se sa l deklare.

Nan Pòtoprens moun jete tout kalte fatra nan rigòl, ravin, ak nan lanmè. Poutan nan Gresye, popilasyon an jete fatra sou tè kote ki poko gen kay epi lè l anpil yo mete dife sou li. Jean Baptiste, se non nou bay yon etidyan nan ekonomi nan fakilte dwa a syans ekonomik (FDSE) ki rete nan lokalite Douz. Etidyan sa di li menm, se sou yon teren vid yo al lage fatra lakay li yo aprè moun nan zòn nan boule yo. Se prèske chak aprè midi gwo flanm dife ak lafimen ap taye banda tribòbabò nan komin lan lè ou gade kote je ou ka rive.

Moun ki gen bèt ou ki gen zanmi ou vwazen ki gen bèt konn triye po manje nan fatra yo pou bay bèt. Aprè sa tout kalite bagay moun yo pa bezwen, oubyen yo pa ka vann, se boule yo boule yo.

Selon majistra Augustin, meri gresye fenk gen yon lokal pou sèvi kòm dechaj pou mete fatra yo ranmase. Menm si sa, yo pa p kapab ranmase fatra tout komin nan. Pa gen materyèl pou fè travay sa yo ni lajan pou ta mete poubèl pou moun yo nan komin nan. Men nou p ap bliye tou, se pa dechaj pou jete fatra komin nou yo plis bezwen, men se pito bonjan sant pou fè trètman fatra yo.

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...