Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Pemye edisyon Festival Entènasyonal Literati kreyòl la lanse

Malgre kriz politik  ki ap brase bil peyi a, gen kèk aktivite kiltirèl ki ap  òganize pou fen ane 2019 la. Festival Entènasyonal  Literati Kreyòl (FEL Kreyòl) se  youn ladan yo.

Soti 4 pou  rive 8 desanm  2019, Ayiti ap  resevwa Festival  Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL kreyòl). Se  pou  premye  fwa  ap  gen  yon  festival konsa nan  peyi a ;  sa  pa t ko  janm  fèt  menm  nan  peyi ak rejyon ki pale kreyòl  nan Karayib la.

Se  ekriven epi powèt Ayisyen Manon Ejèn y ap  onore lan edisyon festival sa a. Daprè responsab  Regwoupman Ekriven  Kreyòl (REK) yo, Anivince Jean Baptiste, chwa Manno a se  yon bon chwa, paske Manno  pase tout vi li ap ekri nan lang kreyòl la. Manno Ejèn  di li kontan anpil paske yo  chwazi  onore li  pou  travay  li yo. Fòk nou di ekriven an soti jis Kanada kote li ap  viv pou  l vin patisipe nan festival la.

Kiba ak  Matinik se  2 peyi ki se envite  espesyal pou ane a. Ekriven kiben Hilario Bastista Felix ak ekriven matinikè Yves  Marie  Seraline ki te dwe prezan nan eveneman  p ap  ka vini akoz klima sekirite peyi a ki pa  fin bon. « Nou  pa  menm ka asire sekirite pa  nou, alewè  pou  n ta asire sekirite etranje yo. Nou  pa t vle pran ris fè  yo antre nan peyi a, akoz kriz politik la », se sa inisyatè festival  la, Anivince Jean Baptiste, di laprès  nan yon konferans li  t ap  bay  jou  ki te madi 3 desanm 2019 la nan « Direction Nationale du Livre (DNL) ».

Ap  gen anpil aktivite nan okazyon festival la, tankou : vant sinyati liv,  konferans  deba, ap  gen yon fòmasyon sou ekriti pwezi epi  ap  gen  you n sou kominikasyon kreyòl nan  medya pou  kèk jounalis.

Melisa Béralus, Gérard Marie Tardieu, Lyonel Trouillot,  Jean Euphèle Milcé, Pierre Michel Chery, Gary  Victor,  Manno Ejèn, Jacques Adler Jean Pierre, Inema Jeudi, Michel Soukar, Jessica Nassaire, Saïka Céus, Iléus Papillon, Clotaire Saint-Natus, Billy Doré se  non kèk  ekriven ki ap  gen  pou siyen zèv yo nan festival la. Aktivite yo ap  dewoule  nan  DNL,  Jaden sanba, Sant kiltirèl  pye  poudre,  Lakou Kangwa Twa zile, elatriye ; tout enstitisyon sa  yo, ak  lòt ankò, sipòte  festival la.

Seremoni  ofisyèl pou  lanse festival la  te  fèt  nan lokal  « Café Tap-Tap » ki  nan Tijo, jou  ki  te mèkredi 4 desanm 2019 la.  Seremoni sa a te  fèt  an  prezans  prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an monsenyè Pierre André Pierre, envite ak  reprezantan  kèk  lòt patenè takou Rektora inivèsite Leta Ayisyen an, fondasyon Maurice Sixto pou n site sa yo sèlman.

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...