Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Ayiti: Otorite yo pale men se pa janm pou pèp la

Premye Minis Ayiti an, Jouthe Joseph. Kredi foto: Le Nationa;

 Anpil jèn, sitou sa k al lekòl yo di yo pa tande nouvèl ankò. Granmoun yo menm di pa gen espwa ankò, domaj pou lajenès. Genyen ki di, se foutbòl, mizik, rezo sosyal yo, liv yo ki entèrese yo. Gen lòt ankò ki di, yo tande radyo sèlman pou emisyon k ap fòme ak fè moun ri. Sitou nan moman  an tout moun twomatize, pa sèlman koz pandemi kowonaviris lan. Men koz avni peyi a ki pa sèten. Genyen ki ale pi lwen pou di, yo bay peyi sa a vag. Ki mòd diskou sa yo? Kòman yon seri jèn ki ale lekòl fè gen yon pozisyon konsa? Se kèk nan kesyon ki parèt entèresan nou ta ka poze. Men poukisa se pozisyon sa yo menm yo genyen?

M kòmanse konprann kèk nan preyokipasyon yo. Tankou, maten jedi 25 jen 2020 an, Minis travay la di nan Radyo Karayib, yo byen travay, se sa k fè nou pa gen anpil dega nan pandemi Kowona a. Yo te fè travay yo, nan sansibilizasyon, nan fè moun yo pran maladi a oserye. Kite m raple rapidman se menm Minis sa a kite deja fouye fòs pou antere ant 1000 ak 1500 moun chak jou a.(Previzyon optimis pou fen me). Kò m agiman Minis lan bay, pi fò moun yo pote mas kounye a. Men  poukisa yo pote mas? Yo pè sanksyon osnon maladi a ? Dènyeman manman m ap soti, epi mwen di l: « Manman ou bliye pran mas ou wi »!. Li di m: « A! Lapolis p ap gentan jwenn mw, mwen pa p al lwen gason m ». Yon lòt zanmi nan antouraj mwen di m: « Pase pou yon nèg (Lapolis) ta leve men sou mwen, mwen ta pito gen TI kowonaviris sa Prezidan an te anonse a ». Anplis, konbyen distribisyon mas ki te fèt ? Ki kote moun yo pote mas konsa? Nan kesyon prevansyon maladi, ki wòl Leta? Sòti dekrè pou fòse moun yo pwoteje tèt yo; san zouti pwoteksyon? Jounalis yo pa oze poze Minis lan kesyon sou yon sitiyasyon parèy.

Anpil moun menm panse maladi a pa an Ayiti. Sa a se pa pozisyon pa nou. Okontrè, maladi a egziste, l ap pran lavi, fò n lite kont li. Nan sans sa a, n ap mande tout moun pou respekte mezi baryè Otorite sanitè yo pran yo. Gen moun ki di se Prezidan an ki te anonse maladi a. Kidonk se politik. Anfèt, depi se Prezidan ki pale pa gen posibilite pou moun yo ta ka kwè se laverite. Tankou Pwofesè L. TROUILLOT te di l: « Si le Président le dit, c’est faux ». Menm si l te toujou mande moun yo respekte prensip yo. (Lenouvelis/Me 2020). Kidonk, pa gen dout maladi a prezan. Men pèsòn pa fè Otorite yo konfyans. Kot responsabilite Minis travay la a ap pale a? Sandout se nan di moun yo gouvènman an gentan prè pou fouye fòs pou antere 1500 moun chak jou; responsabilite a se nan di moun yo tout grip, lafyèv se kowonaviris. Se nan lye tout ka lanmò ak Kowonaviris la. Sa vin fè moun yo pa vle al lopital. Sa vin fè menm medsen pè apwoche moun ki gen lafyèv yo.

Yo anonse ayewopò pral louvri 30 jen k ap vini la a pandan yo pa di anyen sou eta ijans sanitè a. Nou pa imajine gen peyi ki louvri fwontyè yo san yo pa louvri lòt aktivite peyi a (Dekonfinman)? Konsa nou ka mande eske nou menm nou te fèmen tou?

M te toujou panse Kowona pa nou an diferan. M te menm kòmanse yon atik sou sa( Haïti et SA Covid19). Dènyèman an, Sekretè deta kominikasyon an di nan Radyo Kiskeya souch kowona pa nou an pa vyolan. M tande l, m ri epi m di, atik mw an pa gen plas li ankò. Sandout se modèl responsabilite sa yo Minis travay la ta p pale nan radyo jou ki te jedi 25 jen 2020 an?

M vin pèdi sans entèvyou m ta p tande ak anpil atansyon an. M pa rive konprann anyen. Sinon, yon rezon anplis, ki esplike anpil jèn ap kite peyi a konsa. Si anyen pa fet ap ret 2 kategori moun sèlman nan peyi a; Sila k ap dirije yo ak sila ki pa gen mwayen ditou pou yo deplase yo.

     Pa gen okenn dout ayewopò entènasyonal yo pa ka rete fèmen pou toutan. Men ki mezi ki pran; ki preparasyon ki fet ? Nan tout peyi nan mond lan gen volonte louvri ayewopò entènasyonal yo. Men yo fè l ak anpil responsabilite. Tankou, yo dekonfine, yo louvri aktivite nasyonal yo, yo swiv evolisyon maladi a… Aprè sa yo anonse yo ouvri ayewopò yo. Isit wa di l diferan. Minis lan di yo pran anpil mezi tankou pran tanperati kò moun yo nan èpòt la; kenbe paspò moun yo. Ki enpak pozitif sa ka genyen sou pwopagasyon maladi a, si moun yo ta malad ? Syantifik yo montre moun nan ka devlope maladi a menm aprè 14 jou, eske n pa ta ka swiv moun yo aprè tan sa menm si souch kowona pa nou an pa vyolan? (Pou n reprann Sekretè deta kominikasyon an).

Non, li pa vyolan Sekretè deta. Men sonje nou pa ka geri moun. N ap raple Ayiti se sèl peyi nan mond lan ki gen plis mò pase moun ki geri. Si souch pa nou an pa vyolan sak fè nou pa geri plis moun? Pandan Otorite sanitè yo dako kowonaviris la ka trete san administrasyon medikaman. Analiz sa te ka pa valab jodia ankò koz kantite geri nou yo evolye. Men Otorite sanitè nou yo di n se pa geri moun yo geri. Men se rekipere. N ap siyale la yon flou ki genyen la. Yo di n yo p ap pale de geri, men rekipe. Poutan ministè lasante kontinye ap itilize tèm trete a nan not li yo. (Avi 83). Sandout moun yo ka trete, men yo pa geri? Pliske otorite yo di yo p ap pale geri nan ka kowonaviris la pito rekipere.

Nan ka Minis edikasyon nasyonal lan: touswit avan jounalis la entwodwi l, Jounalis la di Premye minis la te di semèn pase a, nou pa t janm nan konfinman. Poutan lè minis la ap pale, li pale pandan 2 fwa de dekonfinman pwogresis. (Gouvènman an lanse l nan yon dekonfinman pwogresis). Sa l te vle di tou? Youn nan jounalis yo pa di l anyen sou sa. Poukisa tout flou sa yo? Eske l posib pou primati a pa nan konfinman pandan gouvènman an osinon ministè edikasyon ladan l li menm? Jounalis yo pa entèrese konnen. Men pou ki moun Minis lan t ap pale?

Jounalis yo pa kesyone Minis lan sou kou anliy k ap fèt nan voye devwa sou telefòn sitou sou watsap yo; sou fè emisyon telelekòl pou pale sou kou anliy. Minis lan menm konpare sitiyasyon peyi nou an ak sitiyasyon lòt peyi nan mond lan, pou montre se pa yon pwoblem pou n ta fè kou ak elèv yo anliy. Li pale de platfòm anliy li an kòm zouti. Wi se yon bon zouti. Wi se yon bòn desizyon. Men ki kote nou ye nou menm? Eske n te abòde obstak ak aplikabilite dezisyon an deja? Pa gen okenn espesyalis ki dakò sou aplikabilite desizyon sa a nan peyi a. Rezon yo twòp. Men, nou ka site entènèt, pwoblem enèji ki genyen anndan peyi a e sitou inegalite sosyal ki gen nan domèn ansèyman an isit. Nou pa ka menm pale de lekòl ayisyèn. Chak kategori lekol ap fè lekol pa yo, swiv pwogram pa yo. Athalie A. LINDOR, nan yon atik li ki pibliye nan Lenasyonal, montre klèman plafòm nan pa menm aplikab, nan sans gen twop pwoblem ki marande ak egzijans li fè. Tankou li pale sou pwoblem enèji ak entènèt lan tou. Men, li plis ensiste sou desizyon an k ap ogmante inegalite eskolè ki te deja genyen nan sosyete ayisyèn nan. Li montre tou, platfòm nan nan li menm fè pwoblem. Nan sans li egzije moun yo yon idanfyan. Bagay moun yo pa menm ka kreye. Anplis, travay li a montre platfòm lan pa sekirize. Wa di Otorite yo yo menm pa konn sak yon platfòm nimerik? (Athalie A. LINDOR, me, 2020). Kidonk, pou ki lekòl Minis lan ap pale de platfòm sa a? pou ki Anseyan? Pou ki kategori elèv ? Ki fòmasyon baz (Elèv, Mèt e menm responsab pedagojik) ki te fèt?

Jounalis yo mande Minis lan kot sibvansyon lekòl prive yo ; li di RAPIDMAN gen lekol nan nip ki kòmanse jwenn, epi l pede pale sou anplwaye ministè a ki pa domi pou yo rezoud pwoblem Pwofesè ki poko touche, pwoblem ki la depi 5 minis avan l, 10 lise Prezidan an te anonse yo pral komanse, 25 lekol nasyonal ki pral kòmanse. Eske se sa ki te kesyon an? Minis lan pase sou kesyon an. Men sa pa di Jounalis yo anyen. Yo sèlman ki konnen sa yo t ap fè a. Sou kesyon sibvansyon pou lekòl prive yo, m vle siyale yon veritab pwopagann ki gen otou li. Nan yon atik Alix LAROCHE pibliye 14 me 2020 an, li montre Leta a dispoze ant 100 mil a 200 mil goud pou lekòl prive yo. Pou esplike varyason ki genyen nan montan sa a Pwofesè LAROCHE montre yo prevwa 100 mil pou lekòl ki gen sèlman 2 premye sik yo, 200 mil pou sa ki gen twazyèm sik ak segondè tou. Swivan sa Mesye Jackson PLETEAUX, direktè kabinè Minis edikasyon an fè konnen. (A. LAROCHE, Me 2020). Kidonk, kòman separe 200 mil goud ak yon lekòl konplèt( fondamantal ak segondè)? Koman mande yon Anseyan al fè tan labank pou chanje yon chèk 2 osinon 3 mil goud ? Sitou lè n konnen yon lekòl twasyèm sik ak segondè genyen omwens 50 anseyan. Sitou ak fenomèn nouvo segondè a. Wa di Leta a redwi lekòl prive yo ak Anseyan yo sèlman. Kot responsab yo? Kot tipèsonèl yo?

     Mesye PLETEAUX konfime ministè ekonomi ak finans deja vire 500 milyon goud sou kont ministè edikasyon nasyonal nan kad sibvansyon sa a depi 15 me 2020. (VantBefInfo/Me 2020). Plis pase yon mwa aprè lekòl yo konfime yo poko jwenn kòb la. Pwosesis yo long ? Nan menm atik Alix LAROCHE la, li montre genyen sèlman 116 mil lekòl ki reponn ak kritè pou yo benefisyè fon sa a. Kidonk, chak lekòl pa ta ka jwenn 1 milyon goud? 116 milyon pou 116 mil lekòl yo p ap ka soti nan 500 milyon an? Nap raple 500 milyon sa a se te yon premye vèsman poun reprann Mesye Jackson PLETEAUX, direktè kabinè Minis edikasyon an. Kidonk, gen lòt vèsman. Y ap kontinye bay sibvansyon an pou konbyen tan? Mpanse direksyon lekòl yo ta dwe di yo p ap rantre nan bay pwopagann sa a jarèt. Paske menm si l piti, Leta a (sitou sa la a) ka toujou di nan tout medya nasyonal kou entènasyonal li peye Pwofesè lekòl prive yo.

     Finalman, pèp la pa sanse konnen anyen nouvo nan edisyon nouvel sa a. Men yo pa t ap pale pou pèp la tou. Otorite yo di sa yo vle. Tankou, nou dwe bay tet nou not paske nou byen fè travay nou pou anpeche pwopagasyon viris la. Nou te aji ak responsabilite. Pandan, majorite moun ap repwoche fason gouvènman an jere pandemi kowonaviris lan. Anpil moun/ògàn doute sou fyabilite chif nou yo. Pou Giussepe Loprete, chèf misyon OIM chif yo pa two fyab « Certains essaient de nuancer, mais je crois à 100% que les cas de Covid-19 sont sous-estimés en Haïti » évoquant la difficulté à tester certains haïtiens qui ne croient pas à l’existence de la maladie et le problème lié à la capacité des autorités à tester massivement la population ajoutant « […] les chiffres peuvent se révéler des écrans de fumée si l’on n’arrive pas à réaliser des tests ».(https://www.haitilibre.com/article-30507-).

 Minis travay la vle fè konprann ti kantite viktim nou genyen an lye ak nivo responsabilite yo genyen nan gouvènman an. Konbyen moun ki teste? Pandan Sekretè deta a ap ensiste sou souch kowona pa nou an ki pa vyolan. Jounalis yo pa sonje sa.

     M panse Otorite yo plis dekouraje moun yo sou sa maladi a reprezante olye yo sansibilize yo. Anpil moun vin pa kwè. Menm Leta te pi enkyete lè nou te gen 2 kontaminasyon pase kounye a. 19 mas; 2 ka konfime, faktori yo fèmen. Lè n kòmanse nan karantèn yo, yo louvri. Nan sans sa a, m panse pou Leta a lekòl ak legliz plis sous kontaminasyon pase mache ak transpò piblik la.

    Nan ka pa Minis edikasyon an pou l di sa l vle, li di fò nou pa rabese travay lekol yo (ki travay ? Ki lekòl tou? nan ki peryòd?). Efektivman son ane eskolè espesyal nan tout mond lan. Wi ane a espesyal. Men pa nou an gen yon lot kalifikatif Mesye-Minis. Nan ka Ayiti nou pa menm ka pale ane eskolè espesyal pliske l pat diferan avan pandemi kowonaviris la. Ak kowonaviris la, li vin obligatwa pou gen kou anliy. Tankou yo fè nan majorite sistèm eskolè nan mond lan. Ayiti tou. Men kou anliy lan vle di voye devwa sou watsap nan mond lan tou ? Si wi timoun yo jwenn mesaj yo chak jou pliske yo gen entènèt ak chaj yo menm…?

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...