Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Layisite, demokrasi ak edikasyon nan peyi Dayiti

Nan okazyon 6e edisyon LIVAKTE camping (26-29 desanm 2019) sou Jaden liv la, nan lokalite Mawòz nan Tigwav, CREL bay òganizasyon ki rele “Solidarité laïque Haïti” a lanmen asosyasyon epi deside pou atelye refleksyon yo anime sou sijè sa: “layisite, demokrasi ak edikasyon”. Yon dizèn inivèsitè gentan pote yo volontè pou anime atelye yo. Se filozòf Angello Jolivain ki kowòdone aktivite sila. Tèsk ou pral li a dwe prepare baz refleksyon ki pral pwodui 27 ak 28 desanm 2019 nan kad evènman sila.

Depi plis pase 210 ane peyi Ayiti soti anba esklavaj, Peyi Sila a konnen anpil rejim bout di. Nan ane 86, pèp la te leve kanpe pou li retabli dwa grandèt majè li pandan l ap koupe fache avèk dènye epizòd rejim bout di a, epi fè plas la menm pou yon lòt rejim nou rele demokrasi. Demokrasi a rete sèl rejim politik mond lan janm konnen ki rive tabli nan sosyete nou yo gras avek fòs ponyèt chak grenn sitwayen ki pa sispann viktim, chak jou bondye mete, anba men mouche Leta. Nan domèn lasyans, gen anpil etid ki fèt sou konsèp demokrasi a ; epi li pa manke kreye gwo litij nan mitan moun save ak ekrimann yo. Soti kay Platon, pase pran Aristote, Rouseau ak Kant jis nou rive jwenn Habermas, ou jwenn yon seri pwoblematik tèt chaje filozòf sa yo ap mete atè, ki, anpil fwa, ede nou byen manyen pwoblèm mond lan ap fè fas chak jou ki pase. Si nou fouye zo nan kalalou, nou ap wè konsèp demokrasi a jwenn sous li nan lang grèk la : Li vle di pouvwa pèp. Epi Li trennen dèyè li, yon seri kad ak valè ki sèvi li janm difòs. Pami yo nou ka site: libète, egalite ak layisite pou nou site sa yo sèlman.

Prensip layisite a fè demokrasi a vin yon espas ki gen lapè ak tolerans nan mitan kwayan yo kote tout fòm kwayans kapab egziste, abite ansanm, san youn pa deranje lòt. Sa ki lakòz tou Leta a vin jwe wòl abit pandan l ap mete chak moun nan plas yo, epi li bay valè tout moun pataje yo priyorite. Sa nou ta kapab rele nan lang fransè « les valeurs républicaines ». Nan sans sa a, tout Leta ki di tèt li demokratik ta dwe pote siyati layik. Kòm enstans ki gen pou misyon amenaje yon espas kote moun ka viv ansanm, Leta sa a dwe aji san paspouki. Li pa dwe ni chase, ni chouchoute yon kwayans. Kidonk desizyon Leta a ap pran nan sa ki gen a wè avèk konviksyon moun yo dwe an favè moun ki Kwè nan yon dye tankou sila yo ki pa kwè nan okenn dye. Paske moun ki kwè ak moun ki pa kwè, yo tout se sitwayen.

Se pou tèt sa, nan yon sosyete demokratik, Leta gen obligasyon pou li garanti bon jan enstriksyon ak edikasyon pou pèp li nan lide pou ranfòse valè ki deja pataje epi fè pwomosyon pou lòt valè ki ponkò tabli nan mitan moun yo men yo jije ki ka itil sosyete a. Si Leta demokratik la pote siyati layik, edikasyon l ap klewonnen an dwe pote menm siyati a tou. Poukisa? Paske lekòl la resevwa moun ki gen kwayans ak moun ki san kwayans. Yon Leta ki layik pa gen relijyon pa menm Jan li pa kont relijyon tou. Atitid sa pèmèt sosyete a konsidere divèsite kiltirèl yo kòm yon richès olye yo kòm yon lapenn ki ka kreye diskriminasyon ak esklizyon. Kouman sa fèt pa bò isi? Eskè Leta ayisyen se yon Leta ki layik? Bon, si nou ta di layisite a pa janm fini, sa vle di pa gen kote sou latè prensip sa a janm rive nan bout li . Kidonk li tankou yon kay ki pa janm fin bati nèt. Men eskè nou wè Leta Ayiti a gen yon ti lòsyè layisite nan fondasyon li? Ki mòd rapò Leta peyi Ayiti devlope ak relijyon yo? Èske rapò sa a san fòs kote?

Pou kèk nan patizan layisite yo prensip sa a pa poze twòp pwoblèm nan fason Leta a òganize tèt li kòm enstitisyon menmsi, nan founi je gade seremoni ofisyèl yo, nou kapab wè kouman Leta a mete kò li abò kilt refòme katolik moun Wòm yo. Se konsa nou gade nou wè kouman pè ak monsenyè ap voye lamès monte nan tedeyòm nan anpil seremoni ofisyèl Leta a ap òganize. Fèt drapo, evestiti pou tabli yon nouvo prezidan, fèt endepandans, ak batay Vètyè, se tout yon seri evènman ki mete ofisye legliz la sou brenzeng yo.

CREL (Centre de Recherches et d’Études Littéraires), yon enstitisyon layik ki ap travay nan domèn kiltirèl nan Tigwav, ale pi lwen toujou. Li estime privilèj esklizif legliz katolik jwenn nan men Leta Ayiti a, kit se nan fiskalite kit se nan lavi politik peyi a, fè nou pa ka di nou gen yon Leta layik tout bon vre. Li denonse absans Leta nan domèn lekòl, ki se pi gwo chemen pou transfòmasyon sosyetal : se mwens pase 15 pousan nan lekòl nou yo ki pou Leta. Pandan lontan se legliz yo kap fè e defè nan sa ki gen a wè avèk sa timoun nou yo dwe aprann nan tout domèn konesans. Nan lojik sa a menm istwa ewo nou yo pa epanye. Èske se konsa sa ta dwe fèt? Èske lekòl sa a pa menase touye yon seri valè ki bay demokrasi a fòs lè nou konsidere anpil nan valè legliz la ap klewonnen pa toujou danse kole avèk kèk prensip demokratik ? Èske nan tan jodi a, kote pouvwa politik la chita sou lejitimite popilè, nou kapab fonde viv ansanm nan sou premis ki depaman avèk souverènte popilè, men ki jwenn rasin yo nan kwayans kèk relijyon ? Priyè long bay jounou krochi se vre, men jodi a li parèt yon nesesite pou nou tanmen yon bon deba san fòs kote, san esklizyon nan sosyete a sou pratik layisite nan peyi Ayiti si reyèlman nou vle viv ansanm nan yon sosyete kote tout fòm diskriminasyon kaba. 6e edisyon LIVAKTE camping bay randevou sou jaden liv la pou Atelye refleksyon sou sijè a 27 ak 28 desanm 2019 la.

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...