Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Nou pa nan estiwofòm, fòk arete 10 Jiyè 2013 lan respekte!

Jou ki te mèkredi 10 Jiyè 2019 lan, yon gwoup jèn vil Tigwav te angaje yo pou mande tout sitwayen respekte Arète 10 Jiyè 2013 lan sis (6) lane depi yo te pran l. Yo t ap aji nan kolektif “Mouvman Nasyonal Sitwayen Pou Klima nan Peyi Ayiti” ki soti nan ALTERNATIBA avèk sipò GAFE. Ant 9è ak 11è nan maten yo te fè majorite popilasyon an tande vwa yo kont estiwofòm.

Nou pa nan estiwofòm, nou mande jistis pou anviwonman an, fòk arete 10 Jiyè 2013 la respekte, itilizasyon estiwofòm ilegal… se tout sa yon ekip jèn ki nan vil Tigwav t ap reklame nan yon mach pasifik jou ki te mèkredi 10 Jiyè 2019 la. Jèn sa yo t ap aji nan kolektif “Mouvman Nasyonal Sitwayen Pou Klima Nan Peyi Ayiti”  ki li menm, soti nan dinamik ALTERNATIBA_yon mouvman sitwayen  pou klima ki kreye an Ewòp avèk lide san vyolans, k ap pwopoze solisyon pou Klima a epi k ap denonse move aksyon k ap detwi anviwonman an. Yo te jwenn sipò GAFE (Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement). Konsa, avèk mizik k ap fè pwomosyon pou anviwonman an, pankat nan men yo, yo te siyonnen sant vil lan depi 9è rive 11è nan maten

“Poukisa nou nan lari an maten an?” “Nou mande fòk arete 10 Jiyè 2013 la respekte”. Se konsa jèn sa yo t ap revandike respè yon arète ki te pibliye depi 6 zan. Selon sa yo di, arète sila a te entèdi sou tout fòm: itilizasyon, komèsyalizasyon ak pwodiksyon estiwofòm nan peyi a. Poutan sis (6) lane apre sinyati arete sa, plastik kontinye ap itilize sou tout tèritwa a, malgre li ap polye, detwi anviwonman nou e l ap aji dirèkteman sou sante nou. Nan apèl, repons jèn sa yo te fè konnen tout bagay sa yo ak popilasyon an. Epi pou yo fini, nan yon sitinn devan lopital “Notre-Dame” vil la, yo te mande pou lopital la entèdi itilizasyon pwodui ki fèt ak estiwofòm anndan lopital la.

Tout enpòtans mouvman sa a se te sansibilize popilasyon an sou danje ki genyen nan anviwonman an lè n ap itilize estiwofòm. Se te mande enstitisyon jidisyè ki gen pouvwa yo, pou yo pran responsabilite yo, aplike sanksyon ki nesesè yo lè moun pa respekte arète sila a. Chanjman fèt nan aksyon e demen peyi n se lajènes. Ak yon gwoup nan zanviwon trant jèn pou pi piti nan tout kwen peyi an, ki angaje yo pou lite pou klima peyi n, chanjman an ap souri tou vèt ba nou.   

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...