Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Opinyon – Timoun 2000 : kote diskou a sòti epi ipokrizi li fè nou demaske nan sosyete Ayisyèn nan

Lauwens Billy Zamy, etidyan nan Inivèsite Leta Peyi a, deside bay dizon l nan deba k ap fèt sou koze Timoun 2000 yo. Palmes Magazine aksepte releye l.

« Mwen se Timoun 2000. Lòt kesyon ? », ak pawòl sa yo nou te nou kòmanse mennen ankèt sou diskou sa a ki sakaje sosyete Ayisyèn nan, dènye moman sa a yo. Anpil moun te di nou manti paske nou gen plis lane pase timoun ki fèt nan lane 2000 yo. Genyen ki pran defans nou pou di : « se yon bon grenn sa a ye, li enterese ak lekòl li, li pa nan fè tenten nan figi sosyete a […] ». Kòmantè yo te fè nou konprann de (2) bagay. Premyèman, lè ou di Timoun 2000, sa vle di se jenn ki fèt nan lane 2000 rive 2004, 2006 yo. Dezyèmman, se « jenn fanm (madan papa) ki nan relasyon ak granmoun gason pou lajan, ki ap poste toutouni sou rezo sosyal yo […] Jèn ki nan relasyon ak plizyè patnè ansanm (krèy), jenn gason (mari manman) ki nan relasyon ak ganmoun fi pou lajan […]. Jèn ki pa entèrese ak aktivite entèlektyèl, men sèlman ak plezi, elatriye ». Dezyèm sans sa a pouse nou fè yon lòt refleksyon : Timoun 2000 se pa yon kesyon laj sèlman. Men se yon diskou ki charye yon fòs ideyolojik. Nou ka menm di, ideyoloji sa a gen plis enpòtans toujou pase kesyon laj la. Li ede nou konprann lòt aspè diskou popilè yo genyen : konsekans sikolojik sou moun nan sosyete a, kote diskou sa a soti, ipokrizi li fè nou demaske nan sosyete a, kijan nou ka itilize yo pou fè devlopman sosyal ak ekonomik oubyen devlope estrateji pou konbat yo pito (na chwazi sa ki pi bon an), elatriye. Nou espere yon entèvansyon fèt sou lòt aspè yo, nou menm nou pral wè 3 dènye yo. Pou nou te rive konstui agiman nou sou koze sa a, nou mennen yon ankèt ak kesyonè, bò kote plis pase 250 jèn gason ak jèn fanm ki fèt nan lane 2000 – 2010, ak lòt moun ki fèt anvan sa. Moun sa yo soti nan tout milye : inivèsite, lekòl klasik, espòtif, fanmi, lari a, legliz, peristil. Tout kalite moun tankou : fonsyonè nan Leta ak prive, biznisman, travayè, chomè, menm ak sila ki rele tèt yo papa ak manman krèy. Annou bay detay, sou sa nou konprann nan sa yo di nou !

Kote diskou sa a soti ?

Lè nou te poze jèn 2000-2010 yo kesyon sa a, anpil nan yo reponn : « se moun ki pa gen anyen pou fè ki ap pale anpil. Se DJ ak atis ki bezwen kreye eslogan pou fè it. Se granmoun ki wè tan yo pase men ki pa dakò ak lòt tandans nan sosyete a […] ». Anpil moun ki fèt anvan 2000, yo menm yo di : « Akoz imoralite ki genyen nan sosyete a. Akoz paran yo demisyone. Akoz timoun yo renmen twò bonè kounya a. Yo nan fè bagay san paran yo pa konnen […] ».

Nan repons yo, nou ka remake sa kèk moun deja di tankou diskriminasyon sou fanm. Men se yon diskou ki konsène tout jèn nèt, menmsi aksyon fanm yo sible anvan, jan majorite repons yo moutre sa a. Lòt moun te wè tou, se popilarite atis ak DJ  bezwen, ki fè yo envante yon eslogan pou moman an. Nou pa demanti sa paske nan sosyete nou a, se prèske chak semèn nou tande yon lòt eslogan tankou men l ap fè san, de bous pa rale ; pou atis oubyen Dj yo kapab fè tande yo. Nou dakò sa konn pote rezilta tou, lè nou pran egzanp DJ Tony-Mix, Meri nan zòn Kafou te chwazi dènyeman pou jwe wòl Anbasadè jèn yo.

Menm jan sa te toujou ye, nou remake diskou popilè pou denigre jenerasyon tou nèf yo, li soti nan yon pakèt nouvo pratik jèn yo renmen. Pou Timoun 2000 yo, nou ka di se nan : Car wash party, rabòday, ti sourit, elatriye. Genyen kèk moun, menm si yo pa dakò ak aktivite sa yo, yo konn pwofite pou vann ladan yo; sa moutre yo genyen enpòtans tou. Nan analiz nou, pratik lwazi sa yo genyen gwo konsekans sou jan sosyete a ap evolye a, lè jèn yo sitou, pa entèrese ak anyen ki bay konesans ak lajan, epi yo panse se sèl plezi sa yo ki genyen.

Nan ankèt nou Mennen, nou wè diskou sa a jwenn rasin li, nan libète jèn yo genyen pou pale oubyen aji nan tan sa yo, alòske jenerasyon anvan yo pa te jwenn libète sa yo. Chak jenerasyon ki vini, li toujou vle chanje fason kèk bagay fèt nan sosyete a : pale, salye, jwe, elatriye. Tankou, sa genyen kèk ane, seksyalite te yon sijè moun pa kapab abòde gran chimen. Men akoz enfliyans rezo sosyal yo ki konekte nou ak sosyete nan tout peyi, nou wè jèn yo pale de bagay sa yo nan yon lagaj ki ap « modènize » pi plis chak jou. Kounya a, ou tande se « plimen », « flanbe », « senyen », se pwomosyon pou enfidelite ki ap fèt sou rezo sosyal yo, genyen jèn ki pa jennen pou pataje foto toutouni pou jwenn moun suiv yo sou tout rezo. Men pratik sa yo, modèl langaj sa a, li choke konsyans moun ki fèt nan jenerasyon anvan yo, se nan menm lojik sa a nou panse anpil moun konn di sosyete a vin deprave a.

Nan sans sa a, li klè kou dlo kòk, diskou sa soti nan yon konfli ki toujou genyen lè yon lòt jenerasyon ap vini pou ranplase dènye sa ki te la a. Nan lang fransè a, nou ka di : Conflit intergénérationnel. Annou pran kèk egzanp pou esplike sa ! Sa kapab rive nou konn tande paran ap di pitit yo : « Sou tan pa m, se timoun ki di padon lè granmoun pete. Timoun pa gade granmoun nan je lè yo ap pale. Se timoun ki mache sou granmoun […] ». Sila ki fèt nan dènye jenerasyon sa a, yo ka di pawòl sa yo pa te lojik. Men moun ki te ap viv sa nan epòk la, yo wè li te nòmal. Menmsi kounya a, genyen ki aksepte kèk chanjman, sitou nan fason dwa moun ap defann timoun yo nan dènye tan sa a yo, epi defann dwa lapawòl la tou, nan respè pou modèl demokrasi ki genyen la a.

Diskou Timoun 2000 la moutre anpil ipokrizi ki ap taye banda li nan sosyete a

Lè nou te poze jèn yo kesyon, pou jwenn plis detay sou konsekans diskou a genyen, epi nan fason rezo sosyal yo ap pale sa a, men kèk nan repons nou te jwenn :

Genyen moun ki ap pale timoun 2000 yo mal, poutan yo konn ap jui timoun sa yo. […] Gen atis ki ap fè pwomosyon pou enfidelite nan mizik yo ; poutan yo fidèl ak madanm yo, pitit yo byen leve paske ou pa wè yo ap mete tenten sou entènèt la. […] Se konsekans desizyon dirijan yo. Sa jèn nan jwenn nan televizyon, se sa li pran […]. Genyen bagay yo di se Timoun 2000 ki fè yo, men yo te deja la nan sosyete a

Si n ap fouye zo nan kalalou, repons sa yo ka fè nou wè jan ipokrizi a ap vale teren anndan sosyete a. Sa nou rele ipokrizi a, li genyen plizyè lòt sans. Nou ka site kèk tankou : lè nou pa aji nan menm fason nou pale yo ; vye agiman nou itilize ak manti nou bay pou defann pozisyon nou.

Premyèman, ipokrizi sa a konsène dirijan sosyete a yo, paske se yo ki vle sa ki pwodui yo. Se yo ki deside ki oryantasyon yo vle bay sosyete a, nan imaj nou wè yo aksepte ki pase nan televizyon yo, nan desizyon yo ap pran, nan aktivite yo envesti, nan chak pratik yo vle konbat oubyen devlope nan sosyete a. Ide sa a yo, kapab ede nou konprann poukisa se pa mizik sosyal yo (ki moutre feblès Leta a), ki jwenn plis medya pou woule yo. Nan sa Leta plis envesti a, se ladann sosyete a ap toujou genyen tandans pou li oryante, epi se reyalite sa yo ki pral dekri nan mizik atis yo, nan aktivite kiltirèl ak lwazi yo, elatriye. Nan lane 2018 la, nou te wè sou gouvènman Jovenel la, yon ti fi 10 lane te jwenn yon machin tout nèf pou gouyad li sou channmas la (Rezo Nòdwès, 2018). Pou defini politik gouvènman sa a, èske nou pa ka di : « mezi gouyad ou mezi machin ou ? » Men nou pa kont sa paske anpil moun te jwenn anbyans nan sa. Men sa ki pa bon, se paske nan menm lane 2018 sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal la pa bay sipò li te pwomèt CEIS la, pou rekonpanse 3 jèn inivèsite ki te premye nan konkou disètasyon filozofik la. Poutan prim yo a te anviwon 90 000 goud ; sa kèk politisyen te ka rele yon ti kaka aran. Sa moutre ki modèl aktivite dirijan nou yo valorize.

Nou jwenn yon pakèt ipokrizi tou, lakay sila yo ki pote diskou a. Nou vle pale de sila ki pa wont bay manti oubyen itilize kenpòt vye agiman pou defann tèt yo. Aprè ankèt la, nou wè Timoun 2000 la, se yon diskou ki chaje manti ladann. Nan sa li repwoche jèn yo, se bagay anpil moun nan jenerasyon anvan yo te konn fè nan kache. Men pa te genyen rezo sosyal yo pou pratik sa yo fè chimen yo pi rapid pase kout zeklè. Daprè repons nou rive jwenn tou, se sèlman yon jèn nan lane 2000 rive 2010 yo, ki di li konn kisa Pistach griye a ye. Poutan sou rezo sosyal yo, kòmkidire se yo di ki envante pratik seksyèl sa a ak kèk lòt toujou. Men anpil moun nan jenerasyon anvan yo, te admèt pratik sa yo la lontan. Nou wè diskou sa a genyen ipokrizi ladann tou, paske li di anpil move bagay Timoun 2000 yo pa fè vre, men li pa di sa ki bon yo fè. Tout pwopagandis ki ap denigre Timoun 2000 yo, nou pa kwè yo konnen si gen ladan yo ki ekri liv roman ak bèl pwezi tou, ki soti bèl mizik nan tout tandans, ki fè bèl pòtrè pou Dany Laferrière (ki chita nan Académie française la depi 2013). Nan diskou a, yo pa di si anpil nan Timoun 2000 yo ap fè etid siperyè nan Frans, Kanada, Mawòk, Taywann ak lòt kote, san nou pa bliye lòt ki bannou anpil fyète lè yo al reprezante nou nan konpètisyon entènasyonal. FHSA[1] sot voye 2 jèn nan konpetisyon natasyon nan Pòtoriko, san konte 8 lòt li pral voye Aboudabi, genyen ladan yo ki gen 16 lane sèlman.

Pou sa ki konsène mèt diskou a yo, nou pi fasil kritike atis ak Dj yo ki ta responsab. Men youn nan bagay nou pa ka inyore : Atis yo chante sa yo wè sosyete a bezwen, nan jan l ap oryante. Epi se Leta ki chwazi oryantasyon sosyete a, jan nou sot wè a. Lòt bagay ankò, anpil atis Ayisyen, se mizik la ki bay yo manje. Yo oblije antre nan tout tandans ki ka fè yo rete sou sèn nan toujou. Pa etone nou si yon atis sispann fè rap sosyal kritik pou rantre nan bif paske li remake kòz l ap defann nan pa pèmèt li jwenn mwayen pou viv.

Lòt kalte ipokrizi nou wè diskou sa a rive demaske, se lakay sila ki vle defann viktim yo. Pafwa mesaj sansibilizasyon yo pa koyeran, oubyen yo pa abòde pwoblèm nan byen. Sansibilizasyon ki fèt yo sou jenerasyon 2000 yo, plis konsène otorite yo, nan sa yo ta dwe bay priyorite anndan sosyete a. Si nou di jèn yo se avni peyi a, si nou vle moutre yo lekòl la bay reyisit, fòk nou bay jèn sa yo posibilite pou entegre espas travay yo tou, se pa etidyan ak elèv ki pou ap pran bal anndan espas kote yo ap etidye a. Lòt bagay nou ka di, mwayen kominikasyon ki konn itilize pou fè mesaj sansibilizasyon an pase a, kapab plis moutre se popilarite mesaje a bezwen si li pa rive fè viktim nan konprann li. Nou pa kwè yon tèks ki ekri an fransè kapab sansibilize yon pakèt jèn Ayisyen nou deja di ki pa entèrese ak zafè lekòl yo.

ALTÈNATIV NOU PWOPOZE

Nou kite kabrit gentan pase, anvan nou fèmen baryè a. Diskou a deja konstui, si nou pral goumen kont li, li kapab genyen plis konsekans negatif toujou. Sa nou jwenn nan ankèt la, pwouve sa pa choke jèn yo pi grav pase sa vre, kontrèman ak sa kèk lòt travay moutre. Kapab se paske yo pa santi yo konsène, oubyen paske yo aksepte sikonstans sa yo viktim nan. Genyen nan jèn fi nou kesyone yo, ki admèt yo pa ta p chwazi depann de lajan yon moun ki te kapab papa yo, men yo pa jwenn lòt opsyon ; epi lè yo resevwa lajan sa yo, yo envesti l pou prepare avni yo : peye kou kosmetoloji, anglè, sekretrya. Nou jwenn genyen ki itilize diskou sa a pou moutre yo ka fè diferans lan, nan motivasyon yo genyen pou reyisi lavi yo nan dinyite.

Nan sans sa a, li ta pi bon pou nou wè kijan nou ka itilize diskou popilè a pou fè devlopman sosyal ak ekonomik. Si nou ta ka defini bonjan politik nan domèn sa yo, pou konstui idantite kiltirèl ak atistik, ki ta ka marande ak diskou a, pou valorize jèn yo epi envesti nan yo. Se okazyon sa a yo, pou Enstisyon ak moun ta kòmanse bay Timoun 2000 yo bous pou etidye oubyen pran fòmasyon nan tout lòt domèn. Fè diskou a tounen yon mouvman sosyal tout lòt moun ta renmen adopte nan lespri yo nan yon sans pozitif. Menm jan tou, « Mwen se tinèg andeyò », sa vin tounen yon pawòl motivasyon pou sila ki soti nan milye andeyò peyi a, nan jan yo ap pwogrese ; men lè pawòl sa te fèk popilarize, se te yon jouman pou yo. Dayè, Tourraine (1992), yon sosyològ fransè, li moutre yon sosyete ka devlope lè li konstui epi kapab defann idantite li. Sa vle di, si nou ka renmen tèt nou jan nou ye a, se pa jan lòt moun wè nou. Pou nou ajoute sou sa, annou di se devlòpman kiltirèl sa a tou, ki ka fè enstisyon entènasyonal sispann pibliye nan rapò yo : « Ayiti se peyi ki pi pòv nan Amerik la » (Banque Mondiale, 2021). Menm si se ta yo menm ankò ki vòlè richès nou yo epi ki mete dirijan nou genyen nan tèt gwo enstitisyon Leta yo, menm jan anpil Istoryen/Sosyològ Ayisyen moutre sa a. Nou ka site Castor (1988), Étienne (2007), Hurbon (1987), Joachim (2014), Millet (1978), Pierre-Charles (1973), Smarth (2008).

Nou dwe sispann ak ipokrizi yo, epi reflechi sou pwoblèm yo byen. Se pa paske yon moun renmen plezi, ki vle di li pa enterese ak aktivite pou bay konesans, dayè se tout kote nan mond lan, plezi rale plis moun pase aktivite lasyans. Tankou, kantite moun ki al nan konsè gwo atis yo, ki gade seremoni pou remèt balondò, li depase tikras moun ki suiv seremoni pou bay Prix nobel yo. Lòt bagay, se pa sila ki pote diskou yo ki responsab, nou ta menm di yo jwe wòl yo a byen, paske yo wè sa dirijan yo vle bay sosyete a. Men responsabilite Leta nan moman sa a, se mobilize tout aparèy ideyolojik li yo (Althusser, 1990), pou pote diskou sou devlòpman nou reve a. Epi kreye travay pou jèn yo, lè sa yo pa p bezwen ti bouda monnen nan men moun ki pral avili yo pi douvan. Nou dakò sou sa, nou pa ka fè devlòpman pandan youn ap rejte lòt. Se poutèt sa Leta dwe kreye bonjan ekilib nan sosyete a, akonpanye jèn yo pou yo pwogrese ak dinyite yo. Epi valorize tout moun nan tout domèn : espò, penti, ekriti, sinema, aktivite kiltirèl ak sosyal ; afè legliz, peristil, lekòl, inivèsite, elatriye, pou pèsonn pa viktim diskriminasyon akoz vilnerabilite li. Nou dwe dakò tout moun pa ka syantifik/kwayan, menm jan tout moun pa renmen plezi sèlman, men si nou aksepte tout, nan limit ak ekilib yo, sa ka fasilite devlòpman an fèt pi byen toujou ; pandan nou ap konbat tout vye pratik ki ka anpeche nou devlope, tankou lòt sosyete ki dinamik yo fè sa a.

Boutofen, nou sot gade kote diskou Timoun 2000 la sòti, epi ipokrizi li fè nou demaske nan sosyete Ayisyèn nan. Nou wè se kèk pratik jèn yo genyen ki kreye yon konfli ak lòt jenerasyon anvan yo. Nou te wè tou, diskou sa a moutre ipokrizi ki lakay dirijan iresponsab nou yo, ak sila ki pwofite iresponsabilite sa a pou pote yon pakèt diskou chaje ak manti epi yon analiz san ekilib, nan entansyon pou fè remake yo ; ipokrizi sa a konsène menm sila ki vle defann viktim yo tou lè pa genyen koyerans ak bonjan analiz nan entèvansyon yo. Nou ka konstate : sosyete nou an toujou la pou denigre jèn yo, sitou fanm ; olye li bay jèn sa yo posibilite pou evolye nan milye kote pi gran yo deja ap domine (travay, espas soyal/kiltirèl yo). Sa ki gratis pou jèn yo se sèlman rezo sosyal yo. Menm si sa ka pèmet yo fè lajan tou, men sa mande yon premye envestisman ; sa fè plis jèn pa ka pwofite opòtinite sa yo paske se pa tout ki gen lajan pou achte teknoloji ki pi efikas yo. Nan sans sa a, nou ka kont yon jèn ki sèlman itilize telefòn dezyèm men li genyen an, pou pase moman estrès l ap konnen chak jou, akoz lavi difisil Ayiti a, men fòk nou gade tou, responsabilite Leta a nan oryantasyon li dwe bay jèn yo, ak mwayen pou yo grandi. Nou pale se vre, men nou konnen nou nan yon sosyete ki plis pale pou pale, nan sans sa nou ap tou di sa : Timoun 2020, ou mèt mete bab ou tranpe. Sa ka rive sosyete a frape ou pi fò toujou, tan pou li pa jwenn rezon, la di nou fèt nan yon lane devan dèyè. Pandanstan, pa neglije motive pou avanse nan lavi nou.


[1] Fédération haïtienne des Sports Aquatiques

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...