Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Yon fanm ki te kreve ka refè imèn li e menm modifye bouboun li

Jounen jodi a, lamedsin ap fè yon moute tout moun kapab wè. Travay medsen yo pa t konn fè lontan kounya yo fè yo ak plis fasilite. Si lontan obstetrisyen jinekològ yo te plis fè gwo operasyon pou retire maladi tankou fribòm, kis, ak fè sezaryèn, kounya a yo refè imèn, modifye vilv (lèv yo) la pou fè li vin pi bèl selon gou pasyan an, pèmèt yon fanm modifye pati entim li jan l ta vle l ye.

Nan kèk peyi tankou Lafrans, Brezil ak Etazini, medam yo renmen modifye anpil pati nan kò yo, sitou vizaj yo , pou yo ka parèt jèn e bèl, tete yo, dèyè yo ak aparèy jenital yo. Lakay pa nou isit se yon pratik ki pat twò kouran men apati ane 90 yo, ak moute pònografi an, te vin genyen kèk fanm ki koumanse timidman ap konsilte jinekològ yo pou wè si yo ta ka modifye kèk bagay yo pa renmen nan bouboun yo. Doktè Garald Jean Louis, kise yon obstetrisyen jinekològ di nou li kòmanse fè travay sa yo depi lè l te rezidan e pandan 30 ane karyè li genyen an.

Pou kounya a, avèk teknoloji an ki fasilite medam yo gade tout kalte videyo, yo vin gen plis enfòmasyon sou operasyon sa yo, sa vin fè tou gen plis fanm ki konsilte espesyalis yo pou refè lèv bouboun yo oubyen imèn nan. Se pa maji. Selon jinekològ Jean Louis, se paske sijè sa yo tabou nan sosyete ayisyen an ki fè pa gen plis fanm ki fè modifikasyon nan bouboun yo.

Poukisa fanm nan ka fè modifye gran lèv ak ti lèv bounboun li?

Chak moun ki egziste gen yon diferans kèlkonk nan aparèy jenital li. Se vre jeneralman tout fanm gen bouboun men tout pa menm. Gen fanm ki posede yon gran lèv ki pi gwo pase jan l ta dwe ye a, yo rele sa ipètwofi  (hypertrophie); li kapab pi piti tou pase mezi nòmal lan yo di  sa rele ipotwofi  (hypotrophie). Alòs, nan tou de ka sa yo moun nan ka chwazi ale wè yon obstetrisyen jinekològ pou fè l vin pi nòmal, si l twò gwo yo ap redwi l nan mezi nòmal li e menm jan si l twò piti yo ap fè grèf ladan estetikman pou l ka nòmal. « Tout bagay gen yon mezi standa pou li », pawòl doktè Garald.

Gen lòt rezon tou ki ka fè yon moun ranje pati entim li. Yon fanm ki fè epizyotomi (episiotomie) pandan yon akouchman (sa vle di yo fè yon ti chire ant bouboun nan e anis lan pou fasilite bebe a soti) kapab gen yon pwoblèm fonksyonèl ki fè l manke jwi nan fè bagay epi li al refè bouboun li vin nòmal ankò. Kapab tou se patnè l ki mande l sa oubyen si moun nan koumanse gen lèv li yo ki vin lage lage, yo vyeyi, li ka al konsilte pou fè aparèy li vin pi bèl e pi prezantab. Doktè a di konsa moun nan ap pi alèz pou l gade bouboun li e moutre patnè li tou.

Taïna, se non nou bay yon etidyant nan syans edikasyon, ki di nou konsa: « mwen te toujou santi mwen gen yon anòmali nan gran lèv mwen yo paske yo laj anpil, sa te pouse m al wè yon jinekològ ki dim se pa pwoblèm, men mwen wè li pa bèl di tou. » Nenpòt moun ka wè sa nan kòl, si l nòmal ou non, men pèsonn pa bezwen pran sa pou yon fatalite, se al wè yon espesyalis pou ede w.

Modifye lèv yo kapab anpeche fi a gen doulè lè l ap fè bagay. Si ti lèv yo gwo anpil, lè moun sa a ap fè bagay, yo konn antre nan orifis vajinal lan e lè sa yo bay doulè, sa ki pa nòmal nan yon relasyon seksyèl. Doktè a moutre nou pa gen okenn pwoblèm si yon moun refè pati entim li, se yon chwa, ki kapab ede moun nan debarase l de wonte ak timidite devan moun l ap fonksyone ak li an. E li di tou pa gen okenn efè segondè nan operasyon an, se sè l si moun nan ta alèji ak anestezi oubyen lòt bagay ki itilize pou travay sila a plis si l fè neglijans nan medikaman aprè li ka enfekte.

Kilè yon bouboun nòmal?

« Gen fanm, sitou lakay nou, ki pa p jan m konn ki vajen li genyen paske bagay sa yo pa pale, yo toujou rete tabou, menm si entènèt la diminye nan tabou yo », daprè obstetrisyen jinekològ Garald.

Nou tout konnen chak moun fèt ak yon pwa, ak yon mezi ki pwòp ak kò yo. Anatomi chak moun pa menm. Pou medam yo, mezi yon vajen an mwayèn se 10 santimèt. Se sa ki fè espesyalis yo di gen bouboun ki nòmal, genyen ki pa nòmal. Li nòmal se lè li respekte mezi standa a, sa vle di 10 santimèt la, lè sa a bouboun nan pa ni twò gwo ni twò piti. Li pa yon bouboun nòmal se si li gwo anpil, lè sa vajen an ipètwofye, oubyen si li twò piti, lè sa vajen an ipotwofye e nan ka sa a moun sa ka souvan gen doulè nan fè bagay.

Yon bouboun ki pran de dwèt san pa gen doulè, se yon bouboun nòmal. Si li twò piti, menm yon dwèt ap pwovoke doulè. Pou obstetrisyen jinekològ mini envazif lan, Doktè Garald Jean Louis, yon fanm ki byen ranseye l ap konnen si bouboun li nòmal ou non oubyen yon espesyalis ka fè l konn sa. Gen anpil medsen obstetrisyen jinekològ tankou Doktè Garald ki okipe yo de pati entim anpil an Ayiti.

Kòman imèn yo fè repare?

Nan atik Kreve san senyen, yon bagay nòmal ki tounen jouman nan sosyete ayisyen an, nou te eksplike kisa ki imèn ak tout kalte imèn ki genyen. Se yon ti menbràn ki plen ti tou ladann tankou yon gri ou paswa, ki bouche antre bouboun nan. Se tout sa yo ki fè san jwenn pasay menm lè fanm nan poko janm al nan gason. Gen imèn ki pa pèfore, gen sa ki konplezan ki kapab ouvè fèmen, elatriye. Si imèn fanm nan te pèfore deja, jounen jodi a li gen posibilite pou l refè yo replase imèn nan pou li. Men sa pa vle di moun sa vin retounen vyèj ankò piske gen yon bagay kèlkonk ki te antre nan orifis vajinal lan e pèse imèn nan.

Gen plizyè bagay ki ka fè yon moun vle refè imèn li. Sa ka rive nan yon ka akouchman, gen sa yo rele eklatman vajinal, lèv ki dechire, anis lan fè yon sèl ak bouboun lan, lè sa a jinekològ lan dwe repare yo. Konsa tou, yon moun ki pral marye ak yon etranje, pou rezon kiltirèl, ka deside refè imèn li jis pou l ka reviv eksperyans kreve an ak moun sa a. « Mwen te gen yon nèg kap viv laba, mwen te toujou vle refè imèn mwen pou li, men premye fwa a se te yon move eksperyans ki te twomatizem, sa fè m pa t vle kreve  ankò, men sa te tante m jouk mw kite ak nèg sa e pase a yon lòt bagay », pawòl yon dam ki nan karantèn. Men lakay pa nou se sitou lèv yo yo refè pi souvan.

Pou refè yon imèn se yon bagay ki senp selon doktè a,  pasyan an ap jis konsilte yon jinekològ pou sa. « Ou bay moun nan yon anestezi, li kapab anestezi lokal, ou repere ti moso imèn ki te eklate deja a, ou amosle ti chè yo youn ak lòt epi ou kite yon ti tou », doktè a esplike konsa. Selon espesyalis lan, gen 2 moun sou 15 ki refè pati entim yo an Ayiti. Chak jou pi plis tandans lan ap ogmante.

Pou yon pasyan jwenn sèvis sa yo pa gen yon pri ki fikse pou sa, chak ka gen trètman pa yo. Pou doktè a li menm li kwè se yon sèvis tout moun ki vle ka ofri tèt yo, yon moun ki majè e ki konn kò li byen ka chwazi pran sèvis sa yo si l bezwen. Li kontinye pou l di, pandan 30 ane karyè li an li travay ak anpil moun nan pati sa yo e se sitou moun ki nan trantèn e plis.

Gen anpil bagay nou pa konnen si yo konn fèt isit paske nan mantal nou pa gen espesyalis pou yo. Poutan, anpil obstetrisyen jinekològ ayisyen pa rete nan fè gwo chiriji yo sèlman sitou pati jenital fanm nan sibi domaj souvan e mande reparasyon. Lè konsa yo rezoud pwoblèm fonksyonèl bouboun nan ka genyen yo ak lòt pwoblèm anatomik yo sou demand pasyan an. Chiriji estetik lan vin ede medam yo fè tout kò yo pi bèl.

 

 

Foto: ilistrasyon
Kredi:docteur-madar.com

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...