Palmes Magazine
Le portail de la région des palmes

Kreve san senyen, yon bagay nòmal ki tounen jouman nan sosyete ayisyen an

madmoiZelle.com

Nan peyi nou, kreve san senyen tounen jouman pou jèn fi yo. Pou yon fanm kreve, sosyete a vle kwè se lè li bay san nan premye rapò seksyèl li. Sinon, jèn fi sa a se yon anba chal, yon rizyèz, elatriye. Poutan, se pa sa lasyans di.

Fanm tankou gason genyen sa yo rele yon aparèy jenital. Chak pati entim sa yo genyen fòm pa yo. Pou sèks feminen an, li gen plizyè bagay ki konpoze li. Pami yo nou ka site, vilv, klitoris, gran ak ti lèv yo, imèn, elatriye. Men se sitou imèn nan ki fè anpil moun wè senyen depi y ap pale sou kreve. Paske se li menm ki konn bay san an lè yon fanm ale nan fè bagay pou premye fwa. Sa tèlman enpòtan pou anpil gason ayisyen, depi l pa wè fi an bay san oubyen penetrasyon an fèt fasil, li gen tandans kwè fi a pa vyèj. Gen paran tou ki konn pran plezi pou ale gade si pitit yo tifi ( vyèj ) toujou.

Adlyne, se non nou bay yon jèn fi 23 lane ki nan Syans edikasyon, ki ap rakonte sa ki te rive li ak papa l. «  Yon jou, papa m dekouvri mesaj mw ak yon jenòm sou katye a sou telefòn li, li santi mwen renmen ti nèg la nan epòk sa a, men se pa li l te chwazi pou mwen. Jou sa a li mete m kouche pou l ban m dwèt epi gade si m vyèj. Vwala li wè m pa vyèj. Poutan se te premye fwa yon bagay t ap penetre m, depi lè sa m ap mande kisa ki te fè m sa », se konsa li temwanye. Nan ka demwazèl sa a, gen anpil lòt ki pa diferan. Nan imajinè koletif ayisyen an, tankou pou papa jèn fi sa a, depi yon bagay antre nan bouboun fi a, sitou si l antre fasil, epi pa gen san, sa vle di fanm lan pa vyèj. Paske, imèn lan rete yon ògàn ki nan bouboun fi an anpil moun pa fin konnen.

Kisa Imèn nan ye?

Imèn nan se yon vwal ki sitiye nan mitan vilv la ak orifis vajen an. Nenpòt sa k ap antre nan vajen an ap pase nan imèn nan. Doktè Pierre Philippe Bernier, di nou gen plizyè kalte imèn : gen imèn fèmen kote vwal la fèmen, gen yon imèn konplezan ki gen 2 pawa ki ka ouvè fèmen, gen imèn ki pi vaskilarize pase yon lòt, sa vle di ki ka bay plis san pase yon lòt lè li pèfòre, gen imèn tou ki pi rezistan pase yon lòt. Kidonk kantite san fi an bay lè l ap fè bagay premye fwa a depann ki kalte imèn li genyen; si moun nan gen yon imèn ki pa rezistan epi ki vaskilarize anpil, se nòmal nenpòt ti touche ap fè l bay anpil san. Konsa tou, jinekològ la di, fòk nou pa itilize sa tankou yon jouman pou n enkrime yon fanm ki pa bay san nan premye fwa li paske gen fanm ki fèt san imèn nan.

Samanta, se non nou bay yon jèn fi 24 lane ki di li menm li pa t bay san lè li te pèdi. Se jis lè l rive lakay li nan aprè li te konstate li gen ti doulè san li pa t bay san. « Mwen pa t bay san ditou. Jis kounya m pa konprann sa k fè m pa t senyen an », jèn fi sa a di. Nou tèlman wè sa fè t souvan lakay nou, pou fi a bay san,  nou vi n wè l parèt pa nòmal si nou pa senyen. Poutan jan doktè Bernier di sa a, li pa yon obligasyon pou fi a bay san. Epitou, anpil fwa moun yo konn tèlman pran pasyans anvan yo fè penetrasyon an, sa vin fè menm si moun nan gen imèn, li pa senyen paske penetrasyon an pa fèt brit sou kou, sa pèmèt imèn nan swa gentan pèse avan sa swa vin konplezan. Sa ka rive tou, moun nan jis pa gen imèn, selon sa doktè a di.

Kilè yon fanm vyèj ? 

Anpil gason ayisyen kwè se lè fi a bay san nan premye fwa li ap fè bagay ki vle di li te vyèj tout bon. Selon obstetrisyen-jinekològ la, Pierre Philippe Bernier, yon fi ki vyèj se yon fanm ki poko janm antre anyen nan bouboun li. Sa vle di sèkstòy, dwèt, peni, lang elt. pa antre nan orifis vajinal fanm sa. Sinon yo paka di fanm sa vyèj.

Avèk « imenoplasti », yon fanm gen posibilite pou fè rekonstiye yon imèn ki te kreve pou li. Si fi a tou gen imèn konplezan li ka plede fè bagay imèn nan rete la. Lè sa yo paka di fi sa a vyèj toujou. Alòs, n ap konprann nou paka di se senyen an ki pral di fi a te vyèj. « Anplis, yon fi ka senyen tou si gen britalite osnon vyòl nan rapò a, sa ki p ap vle di se yon moun ki pèdi vijinite li nan moman an tou », doktè a ajoute sa a.

Anpil paran ki konn ap verifye vijinite pitit yo, sanble se imèn nan y ap chèche. Poutan imèn pa vle di moun nan vyèj. Lè konsa yo tou retire vijinite timoun sa tou san yo pa rann yo kont. Men kòm vajen an genyen sa yo rele « kil de sak vajinal » la ki la pou ede bouboun nan fèmen, lap refèmen. Men malè pou jèn fi sa a, li fin pèdi a,  si paran sa a pa kwaze ak ti vwal sa yo rele imèn nan nan antre bouboun nan.

Astis pou kreve fi san senyen?

Anpil fwa nou konn tande pale y ap di gen astis pou itilize pou kreve yon fanm san li pa bay san, tankou peze lonbrik fi an nan moman rapò a. Doktè a di pa gen astis ki pwouve sa vre, se kapab sou fanm moun nan tonbe a swa ki pa gen imèn, swa ki pa gen yon imèn ki twò vaskilarize ;  sa vle di li pa gen twòp san pase ladann, oubyen fanm nan gen yon imèn konplezan. Konsa tou si gason an genyen yon mikwo peni, lè l bande li nan 2 a 3 santimèt, li ka al nan yon fanm vyèj li pa senyen tou paske li p ap ka rive kreve yon fi pou l bay san.

Doktè a ale pi plwen pou l di se nou menm imen yo kap chèche tout bagay sa yo paske bèf, kabrit gen imèn tou men mal la se pa sa ki gen imèn l ap chèche. Malgre nou chèche sa nou menm, men anpil fwa se pa ak gason ki te pran oubyen yon fi te bay vijinite l li toujou fè vi li.

Ailleurs sur le web

Obtenez des mises à jour en temps réel directement sur votre appareil, abonnez-vous maintenant.

commentaires
Loading...